Home Espò Mondyal 2026- Ricardo Adé rive nan baryè 60 seleksyon ak Ayiti

Mondyal 2026- Ricardo Adé rive nan baryè 60 seleksyon ak Ayiti

Ricardo Adé, te jwe samdi swa kont Ekòs 60yèm match li anba koulè Ayiti. Defansè LDU Quito ann Ekwatè a te fè premye seleksyon li nan ekip nasyonal la 2 septanm 2016 nan estad Sylvio-Cator, nan kad eliminatwa Koup di Mond 2018 la.

Ansyen jwè Baltimore SC Sen Mak la gen de (2) gòl ak seleksyon nasyonal la. Li te make yo nan viktwa Ayiti te ranpòte: kont Beliz (2-0) nan Pòtoprens, nan kad eliminatwa Koup di Mond 2022 a, epi kont Matinik (2-1) pandan faz final Gold Cup 2021 an, nan Frisco, nan rejyon Dallas, Texas.

Ricardo Adé, ki te selebre 50yèm seleksyon li 5 septanm 2025 kont Ondiras (0-0), antre konsa nan sèk trè fèmen Grenadye ki toujou an aktivite e ki konte omwen 60 seleksyon. Li vin jwenn Johny Placide (83) ak Duckens Nazon (80) pami entènasyonal ayisyen ki gen plis seleksyon nan jenerasyon pa yo.

sous FHF

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here