Ministè Touris lan lanse yon nouvo kanpay ki rele @vakanslakay pou envite tout moun dekouvri bèlte Ayiti ak tout richès li genyen.
Ayiti se yon peyi ki gen peyizaj sansasyonèl, plaj ki bèl anpil, ak yon eritaj kiltirèl ki rich anpil. Peyi a ofri anpil trezò pou moun vin dekouvri.
Ministè a ankouraje piblik la pou pran plezi nan délikatès kwizin nou, tradisyon inik nou yo, epi patisipe nan avantur ki pap janm bliye. Lakay se lakay, epi se okazyon pou tout moun apresye tout sa Ayiti gen pou l ofri.
Ann selebre ansanm bèlte tè nou an epi vin viv eksperyans Ayiti!