Mond mizik la pèdi yon gran non.
Fatman Scoop, ki te rele Isaac Freeman III, mouri nan laj 53 zan nan jou 31 out la, apre li te tonbe sou sèn pandan yon konsè nan Hamden, Konektikèt. Nouvèl lanmò li te konfime pa DJ li, Birch Michael, sou Instagram, kote li te eksprime tristès li epi li remèsye atis la ki te gen gwo enpak sou lavi li.
Tragedi a te rive pandan evènman «Green & Gold Party». Videyo ki pataje sou rezo sosyal yo montre Fatman Scoop k ap tonbe dèyè tab DJ li a. Yo te kouri mennen l lopital, men li pa t chape. Otorite lokal yo konfime ke se te yon ijans medikal, men yo pa bay plis detay sou eta sante rapè a.
Fatman Scoop te vin popilè nan ane 1990 ak mizik « Be Faithful » epi li te kolabore ak gwo atis tankou Missy Elliott sou « Lose Control » ak Mariah Carey sou « It’s Like That ».
Li te travay tou ak Timbaland, Nick Cannon, ak Skrillex, e li te sipoze parèt sou pwochen album A$AP Rocky, « Don’t Be Dumb ».
Lanmò li se yon gwo chòk pou fanatik ak kòlèg li yo nan mond mizik la.