Nan yon kominike sou kont Twitter PDG Jean Philippe Brun, Digicel enfòme popilasyon an ke aswè 10è, li sibi 2 koupi sou kab fib li nan zòn Akayè, tou souteren ak ayeryen. Depi semenn sa, gen gwo konfli ki pete ant gang ak lapolis nan zòn sa, kote bandi anvayi Akayè epi tire anpil kout zam lajounen kou lannwit.
Koupi kab yo lakòz anpil sèvis entènasyonal Digicel, tankou entènèt, Moncash, ak apèl entènasyonal, paka mache byen. Ekip teknik Digicel ap travay san pran souf pou repare domaj yo pi vit posib.
Nou raple ke gen kèk semèn anvan, kab fib Digicel te koupe nan menm zòn nan, bò Kot Akaden, ki te kreye gwo difikilte nan kominikasyon atravè peyi a.