Home Tekno Yon ekip elèv ayisyen pral nan yon gwo konpetisyon wobotik entènasyonal nan...

Yon ekip elèv ayisyen pral nan yon gwo konpetisyon wobotik entènasyonal nan peyi Lagrès

Yon ekip jenn elèv Ayisyen ap prepare pou al reprezante peyi a nan yon gwo konpetisyon teknoloji ki rele First Global Challenge, nan vil Atèn, Lagrès, soti 26 pou rive 29 septanm k ap vini an.

Òganizasyon Educare Ayiti, ki gen kòm deviz « EduCare Ayiti, learn today, lead tomorrow », ba yo ankadreman ak oryantasyon nan preparasyon yo pou leve gwo defi sa.

Ak konesans e konpetans yo nan wobotik ak inovasyon, timoun sa yo gen pou yo montre kòman yo ka ede amelyore nitrisyon ak jesyon fatra yon fason ekolojik ak dirab.

Ekip la, ke Jameson Leo ap kowòdone, mete tout fòs li nan devlope yon pwojè k ap sèvi ak fèy pou pwodwi pwoteyin epi kreye biyogaz ak pwodwi dechè yo.

Malgre ekip la rankontre difikilte tankou ensekirite ak mank resous, yo ap travay san pran souf pou byen prepare pou konpetisyon an.

Menmsi ti jenn sa yo ka se premye fwa yo pral nan gwo konpetisyon entènasyonal sa, Educare Ayiti li menm, se dezyèm fwa l ap patisipe nan First Global Challenge.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here