Ansyen depite Jean-Robert Bossé anonse li retire kò li nan pati politik OPL (Òganizasyon Pèp Kap Lite).
Nan yon lèt piblik, Jean-Robert Bossé fè konnen li te pran desizyon sa a aprè anpil refleksyon ak fristrasyon pou mank pwogrè nan pati a.
Nan lèt li a, li te eksprime dezakò li avèk sityasyon OPL k ap fè fas ak blokaj depi lè Edgard Leblanc te vin prezidan Konsèy Prezidansyèl Transisyon an (KPT). Jean-Robert Bossé kritike sispansyon aktivite pati a epi deklare ke li enposib pou yon moun okipe de gwo pozisyon konsa, epi nan menm moman, ou nan tèt yon pati politik.
Pou Bosse, se bagay ou konn wè nan peyi rejim bout di, tankou Lachin oubyen Kore di Nò.
Ansyen depite a lanse yon apèl pou plis transparans nan gouvènans ak plis efò pou konbat kòripsyon nan peyi a. Desizyon l pou kite OPL reprezante yon moman enpòtan nan politik ayisyen an, kote divizyon ak diferans vizyon politik kontinye afekte fonksyonnman pati yo.