Home Edito Olòfson boule rapyetè : Fils-Aimé rele fèmen baryè apre bèf fin sove...

Olòfson boule rapyetè : Fils-Aimé rele fèmen baryè apre bèf fin sove ale

Se pa Oloffson sèlman ki boule, se kredibilite Leta a tou

Gouvènman Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé lanse yon kominike kote li pale de « tolérans zewo » apre otèl Oloffson — youn nan dènye temwayaj eritaj kiltirèl kapital la — fin boule anba men gang. Men, kominike sa a sanble plis ak yon diskou pou dòmi je pèp la, pase ak yon plan serye pou delivre peyi a anba men asasen k ap simen dife.

Depi plizyè ane, otorite yo ap tolere bandi, swa pa lachèt, swa pa konplisitè. Yo lage zòn nan men gang, pandan y ap fè bèl pawòl chak fwa pèp la rache kè l anba chòk. Otèl Oloffson pa t gen sekirite, pa t gen prezans leta, pa t gen okenn mezi prevantif. Kounye a, se pawòl vid tankou « revey nasyonal », « ini kont banditis » y ap bay, pandan pèp la kontinye mouri chak jou.

Se pa Oloffson sèlman ki boule, se kredibilite Leta a tou. Epi, si se jodi a Premye Minis la dekouvri nou anba men mechan, li ta dwe gen desans demisyone, olye li voye kominike hipokrit sou dife li pa t janm eseye etenn.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here