Ayiti ap viv youn nan pi gwo trajedi li. Gang ap simen laterè, Leta kraze nèt, plis pase 1,3 milyon moun oblije kouri kite lakay yo.
Antònyo Guterres, Sekretè Jeneral Nasyonzini, nonmen Carlos Ruiz Massieu kòm nouvo reprezantan espesyal li pou Ayiti. Li gen plizyè dizèn lane eksperyans nan diplomasi ak negosyasyon lapè. Misyon li ap kòmanse nan mwa out 2025, nan yon moman kote Pòtoprens tonbe nèt anba kontwòl gang.
Malgre MSS ak polis pa sispann eseye, yo poko rive retabli otorite Leta. Nan zòn ki anba gang yo, lavi a pa posib, grangou ap fè ravaj. Nasyonzini mande kreyasyon yon biwo sipò lojistik pou ede MSS. Massieu pral jwe yon wòl kle nan repons entènasyonal la.
Se yon misyon danjere ki atann diplomat meksiken sa a, nan yon peyi kote Nasyonzini ap lite pou kenbe menm ti moso espwa ki rete.































