Home Edito Wi fout : Ayiti kalifye pou Mondyal 2026

Wi fout : Ayiti kalifye pou Mondyal 2026

Grenadye yo make istwa aswè 18 novanm 2025 la

Nan yon match ki te fè kè tout pèp ayisyen bat fò, seleksyon nasyonal foutbòl la—Grenadye yo—ranpòte yon viktwa klè sou Nikaragwa aswè mèkredi 18 novanm 2025 la, yon rezilta (2 a 0) ki ouvè pòt Koupe di Mond 2026 la pou Ayiti. Se yon eksplo, yon moman istwa, yon souf espwa pou yon peyi ki gen plis pase 12 milyon moun kap chèche rezon pou selebre.

Match la te dewoule ak anpil tansyon, men Grenadye yo te montre detèminasyon, disiplin ak kouraj. Yo jwe ak yon pasyon ki fè tout moun respekte drapo a. Gòl viktwa yo a te vin nan dezyèm mitan an, lè ekip la te ogmante presyon sou defans Nikaragwa epi pwofite yon bèl aksyon kolektif ki fini nan filè a. Depi gòl sa a antre, Ayiti pa janm gade dèyè.

Nan peyi a, nan dyaspora a, nan tout katye ak sou tout rezo sosyal, se kè kontan, se fyète. Viktwa sa a pote memwa fenomèn 1974 la, lè Ayiti te fè premye parèt li nan Mondyal la. Men jodi a, avèk tout difikilte peyi a ap travèse, kalifikasyon sa a gen yon sans espesyal : li se yon limyè nan mitan fè nwa a.

Chèf ekip la ak jwè yo remèsye fanatik yo pou sipò san rete, malgre move moman yo te konn pase. Yo pwomèt yo pral travay plis toujou pou fè yon bèl figi nan Mondyal Etazini, Kanada ak Meksik ap òganize an 2026.

Aswè a, Ayiti pa sèlman ranpòte yon match. Ayiti rejwenn lespwa. Grenadye alaso, se nou tout ki genyen !

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here