Home Biznis Rezo sosyal X (Twitter) bloke sou tout aparèy nan peyi Brezil

Rezo sosyal X (Twitter) bloke sou tout aparèy nan peyi Brezil

Brezil bloke X apre yon lòd Kò Siprèm nan

Pèsonn brezilyen pa ka monte pou moman sa sou rezo sosyal X (Twitter), apre Lakou Siprèm peyi sa te pase lòd pou anpeche rezo a aktif sou entènèt la sou teritwa Brezil.

Otorite Brezil yo te oblije bloke rezo sosyal la.

Elon Musk te refize nonmen yon reprezantan legal nan peyi a. Kidonk, Jij Kò Siprèm Brezil la, Alexandre de Moraes, te bay lòd sa a pou fè respekte souverènte Brezil ak pou konbat difizyon mesaj rayisab ak anti-demokratik.

Anatel, regilatè telekominikasyon peyi a, mande founisè sèvis entènèt yo pou yo bloke X, ki fè rezo a vin enfim pou anviwon 40 milyon itilizatè brezilyen.

Musk kritike desizyon sa a, li di se sansi. Men, sipòtè de Moraes di aksyon sa yo legal e yo vize pwoteje demokrasi Brezil nan yon moman kote li anba menas.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here