Home Biznis Patwon aplikasyon Telegram nan devan lajistis an Frans

Patwon aplikasyon Telegram nan devan lajistis an Frans

Pavel Durov, patwon rezo mesajri Telegram nan te jwenn arestasyon li samdi pase a nan kapital peyi Lafrans, Pari.

Nan dimanch, otorite yo te prezante li devan yon jij ki te mete l an egzamen. Men enkilpe a te kite gadavi a, apre li te fin peye yon kosyon.

Pou koulye a, Pavel Durov, ka sikile nan tout Lafrans, men li pa ka vwayaje ale nan lòt peyi.

Pavel Durov, ki fèt an 1984 nan Saint-Pétersbourg, se yon lespri rebèl ki gen pasyon pou teknoloji.

Li se fondatè VKontakte (VK), e li te refize kolabore ak gouvènman ris la, sa ki te fòse l kite Larisi an 2014.

An 2013, li kreye Telegram, yon aplikasyon mesaj ki konsantre sou sekirite ak konfidansyalite. Nomad e kontwovèsyal, li defann libète dijital, refize vann Telegram e li ap eksplore kriptomonè ak pwojè TON.


LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here