Nan yon evenman istorik ki souke lemond antye, prezidan Donald Trump te anonse samdi maten an ke fòs militè Ameriken te kaptire prezidan Venezyela Nicolas Maduro ansanm ak madanm li, Cilia Flores, apre yo te lanse yon atak militè gwo ekalite sou peyi Amerik Latin nan.
Eksplozyon pwisan te komanse souke kapital Venezyela a vè 2è nan maten samdi. Detonasyon yo te dire jiska 3è15, epi rezidan yo te wè flanm dife ak lafimen monte nan syèl lannwit la. Trump te deklare sou platfòm Truth Social li a ke operasyon an, yo rele « Absolute Resolve », te mobilize plis pase 150 avyon epi li te fèt an kolaborasyon ak ajans leta Ameriken yo.
Minis Lajistis Ameriken, Pam Bondi, te konfime ke Maduro ak madanm li ap fè fas lajistis Ameriken nan tribinal Nouyòk. Yo akize yo de konspirasyòn narko-terorizm ak enpòtasyon kokain. Trump te pibliye yon foto sou rezo sosyal ki montre Maduro menote sou veso gè ameriken USS Iwo Jima.
Trump te deklare Etazini pral dirije Venezyela jiska yon tranzisyon ki an sekirite, epi gouvènman ameriken an ap enplike anpil nan endistri petwòl peyi a. Li te esplike pa gen moun pou pran responsablite peyi a pou kounye a.
Gouvènman Venezyela te kondane sa li rele « agresyon militè ki grav anpil » kont teritwa peyi a. Visprezidan Delcy Rodriguez te egzije Etazini bay « prèv lavi » pou koupl la. Minis Defans Venezyela a te pwomèt yon depl masif tout mwayen militè peyi a.
Prezidan Brezil Lula da Silva te kondane atak yo kòm yon atak grav kont souverènte Venezyela. Prezidan Kolonbi Gustavo Petro te lanse yon alèt jeneral epi mande reyinyon ijans nan Òganizasyon Eta Ameriken yo. Larisi ak Liran te kondane « agresyon ame » kont Venezyela, pandan Lafrans ak Almay te eksprime enkyetid yo sou respè dwa entènasyonal.
Avni Venezyela poko fin klè pandan pèp la ap tann pou wè kisa k ap pase nan jou ki ap vini yo.































