James Earl « Jimmy » Carter Jr., 39yèm Prezidan Ameriken an, te konsakre lavi l pou fè pwomosyon lapè, demokrasi, ak Dwa Moun. Yo te konnen li pou konpasyon l ak entegrite l. Li te negosye yon seri akò istorik pou lapè, defann sante mondyal, epi goumen pou lajistis.
Pandan tan li pase nan Mezon Blanch lan soti 1977 rive 1981, Prezidan Carter te fè presyon sou diktatè tankou Jean-Claude « Baby Doc » Duvalier pou yo te kite pouvwa a epi libere prizonye politik yo. Jefò li yo te pèmèt plizyè prizonye politik ki te nan prizon san rezon, tankou Pwofesè Jean-Claude Exulien, jwenn liberasyon yo.
Prezidan Carter te kontinye travay an favè pèp ayisyen an lontan aprè prezidans li an te fini. Nan lane 1990, li te vini ann Ayiti sou envitasyon Prezidan Pwovizwa Ertha Pascal-Trouillot pou l te obsève premye eleksyon lib e jis ki te fèt nan peyi a. Malgre reta ak difikilte, Ayisyen yo te reponn apèl la an foul pou make fen diktati Divalye a epi egzèse dwa yo pou yo vote.
Pita nan lavi li, Prezidan Carter te ede bati kay avèk Habitat for Humanity nan Léogâne, ann Ayiti, pou sipòte sivivan tranblemanntè 2010 la. Jan Prezidan Carter te di yon jou, “Pi gwo benediksyon nou yo vini lè n ap amelyore lavi lòt moun.”. Lavi li te yon vrè temwayaj kwayans sa a, li enspire nou tout pou sèvi epi pou fè lòt moun pwogrese.