Leslie Voltaire ak lòt Konseye-Prezidan yo te patisipe jounen vandredi 10 janvye 2025 lan, nan seremoni gradyasyon 34èm pwomosyon PNH la ki pote non Vertières
Seremoni sila a te dewoule nan prezans Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, minis Jistis ak Sekirite piblik la Patrick Pélissier, wo grade PNH la ak fòs lame Ayiti a, Responsab MMSS la Godfrey Otunge, responsab Biwo Entegre Nasyonzini nan peyi a Maria Isabel Salvador epi plizyè anbasadè akredite nan peyi a.
Nan diskou li fè pou sikonstans lan, Prezidan KPT a felisite nouvo polisye sa yo ki vini ranfòse enstitisyon polisyè an nan misyon l ki se « Pwoteje ak Sèvi » popilasyon an. Toutfwa Ekselans Leslie Voltaire mande nouvo chèf yo pou yo entegre batay k ap fèt kont nèg ak zam yo nan peyi a, yon fason pou ane 2025 sa a, tout moun ka sikile nan peyi a lib e libè.