Home Biznis Pozisyon Digicel sou revandikasyon ajan Moncash yo

Pozisyon Digicel sou revandikasyon ajan Moncash yo

MonCash pran konesans revandikasyon sèten ajan lanse sou nivo komisyon yo pèsevwa ak sèvis la, e ta renmen pote detwa klarifikasyon pou tout rezo ajan an, patnè li yo ak popilasyon an. 

Ajan MonCash yo benefisye komisyon sou chak tranzaksyon ki fèt nan biwo yo. Sou tranzaksyon kliyan peye pou yo, MonCash pataje frè yo ak ajan yo e menm sou tranzaksyon gratis tankou depo, MonCash peye komisyon. Nan mwa Jen 2024, MonCash te ajiste estrikti komisyon li yo pou li kapab pi byen akonpaye ajan yo k ap evolye nan kondisyon difisil. Depi lè sa a, tout komisyon yo te ogmante. Komisyon yo varye ant 15% a 88% frè yo selon tip tranzaksyon kap fèt la.

 Moncash akonpanye ajan yo e envesti nan tout lòt aspè sèvis la tankou fòmasyon, sant apèl pou sèvis dedye, materyèl travay nan chak biwo tankou livrè tranzaksyon, enstalasyon logo ak afich piblisite, tablo pri ak komisyon, mesaj enpòtan, elatriye. Eleman sa yo fèt gratis pou ajan yo. An plis materyèl pou ajan yo, konpayi a kontinye ap envesti nan platfòm teknolojik li yo ak rezo li a, pou yo ret disponib 24 sou 24 pou ajan yo ak kliyan yo, san konte ekip dedye li yo k ap asiste tout kliyan ak ajan chak jou sou teren an, ansanm ak nan divès biwo li yo. 

MonCash rekonèt enpòtans ajan yo ki se premye patnè nou. Nou konnen tou kijan nou tout, n ap evolye nan kondisyon difisil. Konpayi a toujou a lekout tout patnè li yo e se nan lespri sa a ajisteman komisyon yo te fèt nan mwa Jen an. MonCash toujou enterese konnen kisa ajan yo panse, se pou sa nou envite tout patnè nou yo kontinye angaje yo nan dyalòg avèk nou, yon fason pou ansanm nou ka kontinye bay kliyan yo pi bon sèvis.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here