Premye Minis lan mande Nasyonzini pou sipòte priyorite estratejik yo nan peyi Dayiti.
Pòtoprens, 6 desanm 2024 – Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé prezide yon reyinyon enpòtan jounen vandredi 6 desanm 2024 la, kote plis pase yon ventèn responsab ajans Nasyonzini ki nan peyi Dayiti te patisipe. Pami pèsonalite kite prezan nan rankont sila a nou ka site Maria Isabel Salvador, Chèf BINUH, ak Ulrika Richardson, Kowòdonatè Rezidan ak Imanitè Nasyonzini. Reyinyon sila fè pati estrateji gouvènman an pou ranfòse patenarya entènasyonal yo, nan jefò pou reponn ak defi prensipal peyi a.
Premye Minis lan kite akonpaye ak plizyè minis ak kolaboratè te prezante twa (3) priyorite estratejik prensipal gouvènman an :
1.Restore sekirite sou tout teritwa nasyonal la, ak yon aksan espesyal sou konba kont gang ame yo epi ranfòse kapasite fòs lòd yo ;
2.Angaje yon refòm konstitisyonèl ki gen pou objektif ranfòse eta de dwa, modènize enstitisyon yo, epi garanti yon gouvènans pi efikas a ki pi enklizif ;
3.Òganize eleksyon kredib, demokratik e kreye kondisyon ki nesesè pou yon patisipasyon ekitab ak transparan pou tout aktè politik ak sosyete sivil la.
Premye Minis lan te mete aksan sou nesesite pou gen yon aliyman estratejik ant aksyon Nasyonzini ak priyorite nasyonal yo, pou asire yon repons kowòdone ki adapte ak bezwen ijan popilasyon an. Apwòch sa a reflete volonte gouvènman an pou maximize efikasite èd entènasyonal la pandan li ap reyafime souverènte ak responsabilite Leta a nan jere defi nasyonal yo.
Nan sans sa a, genyon reyinyon sektoryèl estratejik ki prevwa nan jou ki ap vini yo ak minis konsène yo ak patnè kle yo. Konsiltasyon sa yo ap pèmèt pou defini yon kad operasyonèl klè ak kowòdone pou oryante entèvansyon nan domèn sekirite, gouvènans ak imanitè.
Avèk inisyativ sa a, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé renouvle angajman li pou mobilize kominote entènasyonal la bòkote yon ajanda nasyonal ki reyalis. Demach sa a tradwi detèminasyon li pou reponn avèk rigè, transparans ak atant lejitim pèp ayisyen an, pandan li ap travay pou yon Ayiti ki pi stab, pi jis, e ki pi pwospè.