Vandredi 25 oktòb 2024, de gwo konpayi avyon Ameriken, Spirit Airlines ak JetBlue, pran desizyon pou yo sispann vòl yo nan direksyon Pòtoprens. Desizyon sa a vini aprè atak ak kout zam ki te fèt sou yon elikoptè nan zòn Matisan, pandan li t ap transpòte anplwaye ak pasaje Pwogram Alimantè Mondyal (PAM).
Se nan moman elikoptè a t ap fè wout Pòtoprens lè bal sa yo frape l, men gras a bonjan kontwòl pilòt la, li fè yon aterisaj an sekirite. Nouvèl la konfime ke elikoptè a te gen 18 moun sou li, e malgre sa, pa gen okenn moun ki blese.
Spirit Airlines ak JetBlue fè konnen ke sekirite pasaje ak anplwaye yo se pi gwo priyorite yo. Se konsa, pandan Spirit sispann vòl li yo depi jedi 24 oktòb, JetBlue pa t opere vòl Pòtoprens-Fort Lauderdale li a vandredi sa a, epi vòl san esklas ap retounen kòmanse dimanch 27 oktòb.
Nan kominike li fè, PAM eksplike enpòtans transpò aeryen an pou rive pote èd bay kominote ki izole yo. Kout zam kont ekipaj elikoptè a montre gravite ensekirite a nan peyi a, epi PAM deside sispann tout vòl yo nan jou vandredi 25 oktòb.