Otorite peyi a adopte yon bidjè ki rive plis pase 323 milya goud pou ane fiskal 2024-2025.
Nan bidjè sa a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) resevwa plis pase 42 milya goud. Bidjè a ap pèmèt rekritman ak fòmasyon nouvo pwofesè, distribisyon liv lekòl, epi ranfòsman kantin lekòl yo, dapre sa chèf gouvènman an, Garry Conille, deklare.
Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (TPTC) jwenn plis pase 39 milya goud pou enfrastrikti, pandan ke Ministè Jistis ak Sekirite Piblik resevwa plis pase 36 milya goud. Gouvènman an mete anpil nan sekirite ak asistans sosyal, ak yon ogmantasyon 36% pou Ministè Jistis ak Polis Nasyonal la (PNH), epi 256% pou Ministè Defans lan.
Resous lokal reprezante pati prensipal bidjè a, pandan èd entènasyonal ak prè rive nan 75,1 milya goud. Dè milya ap depanse nan salè fonksyonè yo, sèvis piblik, epi sou devlopman enfrastrikti pou amelyore lavi popilasyon an.