Lendi 9 septanm 2024, Ayiti ranpòte yon kokenn chenn viktwa 6-0 sou Sint Maarten nan Mayagüez, Pòtoriko, nan dezyèm match yo nan Lig Nasyon Konkakaf la.
Apre bèl viktwa 4-1 kont Pòto Rico vandredi pase a, Grenadye yo kontinye ap briye.
Duckens Nazon make yon triple (59’, 75’, 82’), Mikael Gabriel Cantave ajoute 2 gòl (77’, 85’) epi Christopher Attys ouvè eskò a nan 41èm minit la. Viktwa sa a mete Ayiti nan tèt gwoup la avèk konfyans anvan match yo kont Aruba ki pwograme pou 10 ak 14 oktòb.
Seleksyonè Sébastien Migné te gen kòm objektif pou pran tout pwen nan rasanbleman sa a, epi misyon an rive fèt ak bèlte. Grenadye yo ap kontinye travay pou retounen nan Lig A a epi kalifye pou Gold Cup 2025 la.