Debout Citoyen mande pou yon Konsèy Prezidansyèl redwi ak yon gouvènman sovtaj nasyonal
Fas ak enkapasite Konsèy Prezidansyèl ak gouvènman an pou yo kòmanse pote solisyon nan pwoblèm ijan pèp la, ansanm ak eskandal ki genyen sou do kèk otorite, gwoup politik Debout Citoyen ap pwopoze pou yo redwi kantite manm nan Konsèy Prezidansyèl la a twa.
Yo mete devan non Edgard Leblanc Fils, Lesly Voltaire ak Fritz Alphonse Jean kòm moun ki kapab dirije konsèy sa. Anplis,
Debout Citoyen mande pou yo fòme yon gouvènman sovtaj nasyonal pou ka ede peyi a pase peryòd entèimè sa avèk plis estabilite.
Gwoup la kwè ke mezi sa yo enpòtan pou pote chanjman reyèl pou popilasyon an ak reponn a bezwen presan yo pandan peryòd difisil sa.