Gouvènman Repiblik Dominikèn anonse li pral kontinye bati miray sou fwontyè ki separe Ayiti ak Dominikani pandan kat lane kap vini yo.
Vandrèdi 21 septanm 2024, Minis Prezidans lan, José Ignacio Paliza, fè konnen prezidan Luis Abinader angaje li pou fini pwojè sa a. Dapre Paliza, miray la ap ede ranfòse sekirite sou fwontyè a epi soutni efò Ministè Defans lan pou pwoteje teritwa dominiken.
Miray sa a gen pou misyon anpeche imigrasyon ilegal epi kontwole trafik dwòg ak zam nan zòn fwontyè a. Anplis, minis la te mete aksan sou enpòtans miray la pou estriktire komès ant de peyi yo.
Premye faz miray la nan zòn Dajabón ap pare pou inogirasyon nan kèk mwa k ap vini yo. Se yon pwojè ki pap janm fini, daprè minis la, ki ajoute ke plis ekstansyon pral fèt nan pwochen faz yo pou plis sekirite, tankou evite vòl bèt ak lòt zak kriminèl.