Revokasyon TPS pou Ayisyen: Yon desizyon Ki ka fè Florid pèdi plis pase yo panse
Miami Herald lanse yon apèl bay administrasyon Trump pou l tounen sou desizyon l pran pou elimine TPS Ayisyen yo. Jounal la di sa se yon gwo erè ki kapab afekte ekonomi ak sekirite Florid.
Administrasyon Trump anonse revokasyon TPS la, sa ki mete anviwon 500,000 Ayisyen nan enstabilite imigrasyon. Ayisyen sa yo kapab pèdi pèmi travay yo epi riske depòtasyon apati mwa out 2025.
Malgre pa gen chif ofisyèl sou kantite Ayisyen ki gen TPS nan Florid, tout moun konnen Florid gen youn nan pi gwo kominote Ayisyen nan Etazini, sitou nan Sid Florid. Revokasyon TPS la ka boulvèse plizyè sektè ekonomik, sitou sante ak konstriksyon kote Ayisyen jwe yon wòl enpòtan.
Depite Demokrat Frederica Wilson deklare voye Ayisyen tounen Ayiti se yon « bouchon lanmò, » paske peyi a ap travèse yon peryòd difisil ak vyolans gang ki ap ogmante chak jou. Li fè sonje ke desizyon sa a vini jis apre administrasyon an fin anonse li pral elimine TPS pou Venezyelyen yo tou.
Miami Herald montre ke desizyon Trump lan se plis yon manèv politik pase yon desizyon ki baze sou lojik imanitè. Administrasyon Biden te pwolonje TPS la, men Trump ap eseye efase sa. Jounal la di sa fè Etazini parèt kòm yon peyi ki pa kenbe pawòl li.
Si gen yon peyi ki bezwen TPS, se Ayiti. Jounal la raple ke gang kontwole prèske 90% Pòtoprens, kidnaping ap ogmante, plis pase 5,600 moun te mouri akòz vyolans nan 2024, lopital pa fonksyone epi plis pase 1 milyon moun oblije kouri kite lakay yo.
Miami Herald mande administrasyon Trump pou l rekonsidere desizyon sa a, paske retire TPS la se pa sèlman yon move chwa politik, men tou yon zak ki kapab detwi lavi dè milye de fanmi.