Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Leslie Voltaire te remèt, jounen lendi 24 fevriye 2025 lan, manm komisyon restriktirasyon Radyo Televizyon Nasyonal yo, kopi arete ki nonmen yo nan pòs sila a. Seremoni an te òganize nan Viladakèy, nan prezans plizyè pèsonalite, espesyalman Sekretè Deta Kominikasyon an Bendgy Tilias.
Nan diskou li fè pou sikonstans lan, Prezidan KPT a fè konnen yo mete Komisyon an kanpe nan lide pou pèmèt Leta pi byen kominike ak popilasyon an. Li pwomèt pou dirijan yo travay nan kolaborasyon ak patnè nasyonal ak entènasyonal yo pou kapab byen ekipe medya Leta a.
Bò kote pa li, Prezidan komisyon an, Madam Sandra Duvivier, remèsye Konsèy Prezidansyèl la pou misyon sa a li konfye ak ekip li pral dirije a. Li pwomèt pou l pèmèt Radyo Televizyon Nasyonal pi byen edike epi fè pwomosyon kilti peyi a.
N ap raple komisyon sila a genyen ladan l : Madam Sandra Duvivier, Mesye Jean Mary Simon, Mesye Gédéon Junior Georges, Mesye Chenal Augustin ak Mesye Patrick Saint-Pré. Ekip sila a ap gen pou prezante yon rapò apre 6 mwa, nan yon Konsèy minis, sou diferan travay ki ap fèt nan enstitisyon an.