Home Enfo Lokal ULCC mande pou Lajistis takle 13 ansyen diplomat

ULCC mande pou Lajistis takle 13 ansyen diplomat

Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC), an franse Unité de Lutte Contre la Corruption, mande pou otorite lajistis yo mete aksyon piblik lan an mouvman kont 13 ansyen diplomat ayisyen ki pa t fè deklarasyon byen yo jan lalwa egzije sa.

Pami yo gen ansyen chèf olis ak anbasadè nan OEA Léon Charles, ansyen konsil miyami Gilles Stéphane, Jean Yves Rody, Jean Josué Jean (Dahomey), Rockefeller Jules Samuel, Bataille Frantz, Benoit Lesly, Régine Lamur, Wedlyne François, François Guerrier, Saget Walfaud, Jean-Pierre Garvey, ak Jean Philippe Ricardo Ralph.

Si mesyedam sa yo koupab tout bon vre de sa yo repwoche yo, yo ka pèdi dwa sivil ak politik yo pandan yon tan.

Yon pwosè konsa ka rive montre enpòtans respè lalwa pou tout moun ki okipe yon fonksyon piblik.


LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here