Home Enfo Lokal Conille anonse li raple polisye ak sòlda ki te nan pwoteksyon VIP...

Conille anonse li raple polisye ak sòlda ki te nan pwoteksyon VIP yo pou ranfòse sekirite nan zòn cho yo

Nan yon desizyon pou konbat ensekirite ki ap toupizi Pòtoprens ak Latibonit, Premye Minis Garry Conille te anonse, lendi 21 oktòb 2023, rapèl imedyat tout inite pwoteksyon VIP yo pou al ranfòse sekirite nan zòn ki pi frape pa vyolans gang yo. Li di plizyè santèn polisye ak sòlda ki te ap pwoteje pèsonalite enpòtan yo pral deplwaye nan zòn kote batay kont gang ame yo pi difisil. Kèk nan zòn sa yo gen ladan yo Solino, yon katye ki fèk libere anba men gang yo.

Desizyon sa a montre volonte gouvènman an pou pa lage okenn espas kritik nan men gang ame yo. Premye Minis la deklare klèman ke chak manm nan inite elit sa yo dwe angaje yo dirèkteman nan defans teritwa peyi a, paske sekirite popilasyon an pa negosyab.

Anplis, Garry Conille pwomèt li pral kontinye rankontre ak patnè entènasyonal yo pou mande plis sipò pou PNH ak FADH, paske l ap kontinye travay pou retabli lòd nan peyi a. Li di li rete optimis ke batay kont ensekirite a pral fini ak yon viktwa pou pèp ayisyen an, menm jan li pwomèt ke gouvènman an pap janm retrete fas ak gang ame yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here