Preske tout dirijan ayisyen toujou mete plis enèji nan kreye yon imaj pase nan fè aksyon ki ka pote chanjman reyèl pou pèp la.
Yo pran plezi fè diskou wololoy, pwopagann k’ap fè bri toupatou, epi òganize gwo evènman piblik pou fè pèp la santi gen espwa. Men nan reyalite, chak jou lavi a vin pi difisil. Menm si yo prezante yon imaj ki montre ke tout bagay ap mache, verite a toujou fini pa sòti. Pawòl pa ka amelyore kondisyon malouk nan peyi a.
Pandan ane ki sot pase yo, nou tande anpil diskou vid. Yo pwomèt wout, sekirite, travay, yon lavi miyò pou popilasyon an. Men, malerezman, nan chak kwen nan peyi a, sitiyasyon an vin pi grav: povrete ap ogmante, chomaj k’ap ravaje, ensekirite ki mete pè nan kè moun, pandan sèvis piblik yo deteryore. Olye yo fè aksyon, lidè yo pito fè bèl diskou ak pwopagann san rezilta.
Politik fè sanblan ak pwopagann ke yo itilize se tankou yon rido pou kache echèk yo. Yo kwè si yo kontinye kreye imaj pozitif, reyalite a ap chanje. Men verite a toujou fini pa triyonfe: twou manti pa fon. Pèp la pa bezwen fè wè, li bezwen aksyon reyèl, bon jan lidèship, lekòl pou pitit yo, lopital ki fonksyone, sekirite nan lari yo, ak yon lavi miyò chak jou.
Moun yo bouke viv nan fènwa ak pwomès vid. Yo bezwen aksyon ak bon jan lidèship.