Home Enfo Lokal Ensekirite : POHDH egzije pou otorite leta yo aji

Ensekirite : POHDH egzije pou otorite leta yo aji

POHDH fè yon radyografi sou sistèm sante a epi fè kèk rekòmandasyon

Nan kad angajman li pou defann dwa ekonomik ak sosyal yo, Platfòm Òganizasyon Ayisyen pou Dwa Moun yo (POHDH) fè yon travay obsèvasyon sou sitiyasyon lopital piblik yo nan zòn metwopoliten Pòtoprens nan kontèks ensekirite ak vyolans k ap anvayi peyi a.

Nan rapò sa a, POHDH fè apèl bay otorite leta yo pou yo aji. Popilasyon an ap fè fas ak difikilte grav pou jwenn swen sante, ak yon risk gwo pwopagasyon maladi kontajye. Sèvis sante piblik yo paralize nèt akoz vyolans gang yo k ap fè pèp la viv nan lapèrèz.

Obsèvasyon te montre ke depi mwa mas 2024, plis pase 30 enstitisyon sante te oblije fèmen pòt yo. Anpil lopital tankou HUEH, Lopital Bernard Mevs, ak Lopital Sanatorium, yo tout te viktim piyaj ak zak vyolans. Malgre tout efò, sitiyasyon sante piblik la kontinye deteryore. POHDH mande yon repons ijans pou pwoteje lopital ak asire sèvis sante yo retabli.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here