Ekip gadkòt meriken Cutter Richard Dixon sove 11 migran ki te kite sou Monito, yon zile san moun nan Rezèv Natirèl Monito, samdi pase. Sa fèt an kolaborasyon ak patnè nan Gwoup Entèajans Fronnyè Karayib la (CBIG).
Lyetnan Peter Diamontopulos, kòmandan Cutter Richard Dixon, te eksprime fyète li pou kapasite ekip li a pou sove migran yo nan yon anviwònman danjere san manje ni dlo.
“Pran lanmè san dokiman legal se yon gwo risk. Chèche chemen migrasyon legal se pi bon chwa,” li te deklare.
Gadkòt yo te resevwa yon siyal sou yon gwoup moun sou falèz zile a. Yo te voye yon elikoptè MH-60T Jayhawk ak Cutter Richard Dixon pou konfime rapò a.
Yo te bay migran yo djakèt lavi, sove yo soti nan dlo a, epi transfere yo bay ajan Patwouy Frontalye Ramey nan Mayaguez.































