Gouvènman ayisyen an pibliye yon lis 7 pèsonalite ki dwe fè pati pwochen Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP). Yo chwazi pèsonalite sa yo nan yon Konsèy minis ki te fèt yè, mèkredi.
Nan lis sa a, nou jwenn: Jaccéus Joseph (sektè peyizan), Snaida Adely (sektè vodou), pastè Peterson Pierre-Louis (sektè pwotestan), Patrick Saint-Hilaire (Legliz Katolik), Florence Mathieu (inivèsite), Nemrod Sanon (sektè sendikal) ak Jacques Desrosiers (sektè laprès). Pandan reyinyon Konsèy minis lan, yo te deside mete sou kote Me Gédéon Jean (sektè dwa moun) ak Yves Marie Edouard (sektè fanm) an atandan yon akò ak lòt òganizasyon yo.
Malgre Konsèy Elektoral Pwovizwa sa manke moso, yon arete ki pral nonmen 7 pèsonalite sa yo ap pibliye nan jounal Le Moniteur.