Home Espò U17 – Eliminatwa Mondyal 2026 : Medam yo pral trase kata !

U17 – Eliminatwa Mondyal 2026 : Medam yo pral trase kata !

Seleksyon medam yo nan kategori mwens pase 17 lane : Eliminatwa Mondyal 2026 la: Medam yo pral trase kata !

Chimen pou mennen nan koup di mond kap fèt nan peyi Kata ane kap vini an pral trase tipa tipa. Jèn Grenadyè yo ki dwe al reprezante Ayiti nan peyi Kiraso pou premye faz eliminatwa konpetisyon sa deja konnen nan ki dat e ak kiyès yo pral livre batay pou yo fini premye nan gwoup Ch la, si yo vle al koke drapo peyi a nan pami drapo ki pral flote nan mondyal sa a.

Pou tounwa sa a, jèn medam ayisyèn yo dwe fè fas kare ak Antigua & Barbuda jou k ap dimanch 25 janvye 2026 lan nan FFK Stadium nan vil Willemstad. Toujou nan estad sa, medam yo pral toke kòn ak Ste Lucie jou kap madi 27 janvye a. Epi y ap fini mwa janvye a ak Îles Caïmans y ap afwonte samdi k ap 31 janvye 2026 la.

Pou premye plas gwoup la, se fas ak Gwatemala medam yo pral bay tout sa yo genyen pou yo kalifye pou faz kap vini an kote yo pral rejwenn Canada, Mexique, Porto-Rico ak USA. Nap raple w se yon lòt gwo opòtinite peyi a genyen pou li mete yon lòt mondyal nan palmarès li kote koup di mond kategori sa ap fèt chak ane kounya epi pandan 5 Lane nan peyi Kata.

Ann mete tèt ansanm pou n kòmanse trase Kata.

Kominikasyon FHF, vandredi 17 oktòb 2025

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here