Home Enfo Lokal Komemorasyon ofisyèl 219yèm anivèsè zak sasinay Jeneral Jan Jak Desalin

Komemorasyon ofisyèl 219yèm anivèsè zak sasinay Jeneral Jan Jak Desalin

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an komemore jodi 17 oktòb 2025, 219yèm anivèsè zak sasinay Jeneral Jan Jak Desalin, Anperè Jak Premye, Papa Nasyon an.

Yon seremoni omaj te òganize pou okazyon an, anba prezidans Laurent Saint Cyr , Prezidan KPT a, an prezans Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, manm gouvènman an, manm Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, Kòmandan an Chèf Lame a, Derby Guerrier , Direktè Jeneral a.i Lapolis la, André Jonas Vladimir Paraison , Chèf MSS la, ansanm ak plizyè lòt gwo otorite Leta.

Nan diskou li pou sikonstans lan, Prezidan KPT a, Laurent Saint-Cyr, te salye memwa epi onore sakrifis Jeneral Jan Jak Desalin. Prezidan KPT a raple angajman, Anperè a te pran pou libète ak diyite pèp ayisyen an. « Listwa peyi Dayiti raple nou chak jou, libète, lajistis, sekirite ak lapè pa gen pri. Papa Desalin ak tout zansèt nou yo te fè anpil sakrifis, pou nou te kapab viv lib, nan lapè ak nan diyite sou bout tè sa. Men jodi a, nouvo lenmi leve, yo menase tout sa zansèt nou yo te bati ak fòs ponyèt yo. Yo vle fè nou pèdi fondal natal pèp Ayisyen an. Nou pa gen dwa fè bak devan menas sa yo. Menm jan ak Jeneral Jan Jak Desalin nou dwe gen anpil kouraj, volonte ak detèminasyon pou nou kwape bandi sanfwa ni lwa kap simen latwoublay nan peyi an ». Pèp Ayisyen an dwe rete konfyan. Menm jan ak Zansèt nou yo, nou ka pèdi yon batay, men nou pap pèdi lagè a !

Laurent Saint-Cyr te pwofite okazyon an pou salye memwa tout polisye ak sòlda ki pèdi lavi yo nan batay pou retabli sekirite sou tout tèritwa nasyonal la. Prezidan an raple tou, retabli sekirite a pa yon finalite. Se yon kondisyon endispansab pou nou kapab franchi yon lòt etap ki enpòtan anpil pou avni peyi a : òganizasyon eleksyon lib, enklizif ak kredib. Tout aktè lavi nasyonal la dwe dakò sou pati sa a epi angaje yo toutbon nan dinamik la ! Li anonse tou dyalòg ak fòs viv nasyon an pral kontinye. Li mande KEP an pwopoze peyi a yon kalandriye elektoral klè, prese prese epi pou chak enstitisyon jwe wòl pa yo nan pwosesis la.

Pou l fini, Prezidan Laurent Saint-Cyr deklare tan divizyon an fini se moman poun swiv egzanp Jeneral Jan Jak Desalin, Anperè Jak Premye, Papa Nasyon an te trase a, poun ka mete tèt ansanm epi bay pèp la rezilta lap ret tann yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here