Peyi Etazini kondane ak tout fòs li vyolans gang yo k ap kontinye nan Pòtoprens epi ki gen pou objetif destabilize gouvènman an. Misyon MSS lan ak lapolis Ayiti ap mennen operasyon ansanm. Yo reyisi proteje abitan plizyè katye, repouse gang yo, sezi zam epi elimine plizyè nan manm gang yo.
Nou kanpe bò kote pèp Ayisyen an, Polis Nasyonal Ayti a ak misyon MSS la, nou soutni tou gwo jefò fòs peyi Kenya, Jamayik, Beliz ak Bayamas yo nan jefò pou retabli sekirite nan peyi a. Moun k ap chache destabilize Ayiti pou enterè pèsonèl yo an ta dwe sousye yo pi plis de Ayiti ak pèp li a. Moun ki responsab zak sa yo pral oblije rann kont devan otorite ayisyèn yo ak otorite entènasyonal yo.
Jan sa te diskite avèk Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an ak Premye Minis la, lè a rive pou Ayisyen fè yon inite nasyonal nan batay entènasyonal kont gang yo. Se pa moman pou gen chire pit politik. N ap soutni ak tout fòs nou jefò Premye Minis Conille ak kabinè li an pou fè avanse priyorite nasyonal KPT an etabli yo.
Brian A. Nichols, Sekretè adjwen pou Zafè Emisfè Lwès, Depatman Deta Ameriken