Achitèk Lesly Voltaire pa dakò ditou pou moun mande pou mete twa konsèyè ki enplike nan eskandal BNC a sou kote anvan ULCC bay konklizyon ankèt li a.
Nan mikwo jounalis radyo Magik9 yo, reprezantan pati Fanmi Lavalas nan CPT a deklare ke pa gen okenn lwa ki pèmèt yo retire yon konseye san prèv.
Pou ansyen minis lavalas la, yon konseye ka deside demisyone si yon rapò negatif soti nan ULCC. Men, si pa gen sa, sèl lòt fason pou ranplase yon konseye se lè li mouri, entatad oubyen dat pou renmèt pouvwa rive.
Voltaire rejte tou koze ki di Karikòm ak Etazini ta mande pou retire konsèyè yo. Li ensiste sou enpòtans pou respekte pwosedi legal yo ak prèv ki nesesè avan nenpòt desizyon konsa ka pran.
Daprè li, se jistis ak etik ki dwe gide aksyon yo nan sitiyasyon sa a, olye de presyon san baz legal.