Home Enfo Lokal BRH : Plizyè santèn biznis pa ka peye dèt yo labank akoz...

BRH : Plizyè santèn biznis pa ka peye dèt yo labank akoz ensekirite

Kriz Sekirite a frape sistèm finansye Ayiti a rèd

Kriz ensekirite kap devlope ann Ayiti a afekte anpil sistèm finansye peyi a.

Plizyè santèn biznis paka rive peye prè yo te prete nan enstitisyon finansye yo. Dapre rapò, gen 59 branch bank komèsyal ki sispann fonksyone akoz yo te kraze, piye, oubyen fèmen.

Anplis, plis pase 122 milya goud prè ki te akòde jwenn gwo difikilte pou yo peye, sa ki mete 307 gwo antrepriz nan pwoblèm pou remèt dèt yo. Yon total de 969 ti ak mwayen antrepriz sibi vyolans gang oswa te vandalize nèt, dapre sa Ronald Gabriel, Gouvènè BRH, te fè konnen nan yon konferans pou laprès mèkredi sa a.

Gouvènè a te ajoute ke yo te bay 117 moratwa pou ede antrepriz yo jwenn yon ti souf epi chache fason pou yo kapab remèt lajan yo te prete a.

Kriz sekirite a fè ekonomi an fèb pandan plizyè biznis ap lite pou yo kapab kenbe tèt nan yon peyi kote ensekirite ap fè raj.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here