Yon avyon prive tonbe nan Miserne, nan zòn Okay, jodi jedi 3 oktòb 2024 la. Avyon an te dekole nan ayewopò Antoine Simon bò 11è nan maten, men kèk minit apre, li fè aksidan nan yon jaden tou pre vil la. Nan dram sa a, de moun pèdi lavi yo, epi ekip sekou yo rive retire kadav yo nan avyon an.
Daprè kèk enfòmasyon ki pa konfime nèt, avyon an te ka transpòte Zangi. Otorite yo poko konfime sa ofisyèlman. Anba sipèvizyon jij Paul Catt, ankèt ap kontinye pou klarifye kòz aksidan sa a, paske jiskaprezan, okenn rezon klè pa bay pou kisa avyon an fè aksidan.
Plizyè otorite ak sèvis ijans, tankou majistra Okay la, Claire Daphney France, ajan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), ak reprezantan Kwad Wouj, Pwoteksyon Sivil ak ponpye yo, te prese rive sou plas aksidan an.