Nan lannwit mèkredi 2 pou rive jedi 3 oktòb 2024, gang Gran Grif ki soti Savien atake zòn Pont-Sondé, ki pa lwen vil Sen-Mak, kote yo touye omwen 11 moun e blese grav plis pase 20 lòt. Luckson Élan, chèf gang lan ak akolit li yo, boule plizyè kay epi egzekite moun san yo pa pran an konsiderasyon laj oubyen sèks yo.
Jis 24 èdtan anvan atak la, chèf gang Gran Grif te pibliye yon mesaj vokal sou rezo sosyal pou anonse zak kriminèl sa a.
Nan mitan lannwit, plizyè milye moun te oblije kouri kite lakay yo pou al kache Sen-Mak. Lopital vil Sen-Mak la, kote yo mennen blese yo, pa rive jere sitiyasyon an akoz kantite moun ki blese grav yo.
Kounye a, apèl pou solidarite ak viktim yo ap fèt pou ede moun ki viktim yo jwenn sekou.