Home Enfo Lokal Òganizasyon Konbit pote gwo kritik sou vizit Sekretè Deta Ameriken Blinken ap...

Òganizasyon Konbit pote gwo kritik sou vizit Sekretè Deta Ameriken Blinken ap fè ann Ayiti 5 septanm la

Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè a kritike vizit Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken an, 5 septanm 2024

Nan yon nòt, Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè a eksprime enkyetid sou vizit Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken nan peyi a, 5 septanm 2024.

Yo poze kesyon sou veritab objektif vizit sa a, ak wòl Etazini nan kriz Ayiti ap travèse, kote gang ame ap terorize popilasyon an.

Konbit la raple ke Etazini te toujou sipòte rejim PHTK a, enpoze sistèm eksplwatasyon an, epi ede voye zam bay gang yo. Yo mande dirijan ayisyen yo pou yo pran kouraj diskite vrè pwoblèm peyi a avèk Blinken epi egzije respè pou dwa granmoun Ayiti.

Yo ankouraje pèp la kontinye batay pou otodetèminasyon peyi a san enjerans etranje.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here