Kat mwa apre kalifikasyon istorik yo pou koup di mond lan, Grenadye yo pral foule pelouz vèt la pou premye fwa jou k ap 28 mas k ap vini la a kont ekip Tinizi an a 8è nan aswè nan vil Toronto, nan peyi Kanada, nan kad yon match zanmitay, yon match jofe jarèt, ki pral sèvi nou kòm fèy bouyon, pou kòmanse prepare devwa k ap tann nou nan premye faz Mondyal la.
Yon moman tout peyi a t ap tann, pou wè Grenadye yo sou yon teren foutbòl pou rebay pèp la, menm frison ak jou ki te 18 novanm nan.































