Home Espò Lig Nasyon Konkakaf: Ayiti vannen Aruba 3 a 1

Lig Nasyon Konkakaf: Ayiti vannen Aruba 3 a 1

Lig Nasyon Konkakaf: Ayiti vannen Aruba 3-1 epi rete lidè gwoup li a

Seleksyon ayisyèn nan kontinye make istwa nan Lig Nasyon Konkakaf la. Vandredi 11 oktòb 2024, Grenadye yo te fè yon lòt viktwa enpòtan an bat ekip Aruba a 3-1. Menmsi Aruba te pran avantaj nan 6zyèm minit ak yon gòl Tyron Gentil, Ayiti te reyaji fò, epi Frantzdy Pierrot te egalize nan 30zyèm minit la.

Duckens Nazon, ki te nan bon jan fòm li, te pran avantaj ak yon penalite nan 38tyèm minit la, mete Ayiti devan. Li te ajoute yon lòt gòl nan 68tyèm minit, pote rezilta a nan 3-1.

Viktwa sa a pèmèt Ayiti kenbe premye plas nan gwoup C Lig B a.

Grenadye yo ap retounen jwe kont Aruba lendi 14 oktòb, epi yo gen bon chans pou ranfòse pozisyon yo kòm lidè epi pwoche pi pre yon tikè dirèk pou Gold Cup 2025 la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here