Apre diskisyon ak kèk direktè nan Direksyon Jeneral Taks yo (DGI), eksepte direktè jeneral la, Emmanuel Casséus, jedi 10 oktòb, anplwaye sou grèv yo deside mete fen pwovizwaman nan grèv ki te paralize enstitisyon an depi 23 septanm pase a. Yo anonse yon trèv e sèvis yo pral rekòmanse nan tout biwo DGI yo apati lendi 14 oktòb 2024.
Daprè komite anplwaye yo, trèv sa a ap dire jis 31 desanm 2024, pandan yap tann siyati yon dokiman ki va konsakre kondisyon trèv la. Si pwomès ki fèt konsènan primes chak twa mwa ak ogmantasyon sou kat debi pa respekte, komite a prevwa retounen nan grèv la.
Direktè adjwen, Lubonheur Loredant, fè konnen DGI a ap fè fas ak limit bidjè men li dakò pou chak twa mwa anplwaye yo resevwa yon prim 50,000 goud, ak 25,000 goud chak mwa sou kat debi yo. Anplis, li enfòme ke lis anplwaye kontraktè yo, sitou ajan sekirite yo, deja voye bay Ministè Ekonomi ak Finans (MEF) pou tretman.
Grèv la fè yon trèv pou pèmèt kontribyab yo regle zafè taks yo, men anplwaye yo rete fèm sou demann pou direktè jeneral Emmanuel Casséus bay demisyon li.