Dj ak pwodiktè mizik ayisyen Michaël Brun ap fè bri sou sèn mizik entènasyonal la ankò ak de nouvo nominasyon pou Grammy Awards 2024 yo. Nominasyon sa yo rive gras ak kolaborasyon resan li fè ak atis kiben Cimafunk ak Kolonbyen J Balvin.
Michaël Brun, ki toujou rekonèt pou kapasite li pou melanje son ak enspirasyon divès kilti, lage nouvèl la jou ki te 8 novanm 2024 la sou X. Nan yon mesaj ki senp, li eksprime rekonesans li : « Rekonesan pou 2 nominasyon Grammy jodia ak fanmi @CimafunkOficial ak @JBALVIN ».
Depi 2020, kote li te pran pri « Pi bon albòm mizik ibrid » pou kontribisyon li nan albòm Colores J Balvin lan, Brun kontinye ap monte. Nan 2024, youn nan nominasyon yo se pou kolaborasyon li nan albòm Rayo ak J Balvin, kote yo fè « 3 Noches », yon mizik kote Brun melanje idantite ayisyen li nan mond reggaeton an.
Dezyèm nominasyon an soti nan kolaborasyon li ak Cimafunk nan mizik Playa Noche nan albòm Pa’ Tu Cuerpa. Mizik sa a, ki gen atis tankou Paul Beaubrun ak Keyon Harrold, se yon gwo omaj pou divèsite kiltirèl.
Michaël Brun kontinye montre fyète ayisyen li sou yon sèn mondyal.