Inisyativ Sosyete Sivil la eksprime endiyasyon li devan akselerasyon ak gravite zak kriminèl ki rive komèt nan dènye jou sa yo. Li note avek dezolasyon ke epidemi vyolans sa a rive nan menm moman, yon lòt fwa ankò, ak yon peryòd ajitasyon politik ak chanjman nan nivo egzekitif la. Sa ki montre klèman tou lyen ki egziste ant vyolans kriminèl sa ak lit pou pouvwa.
Moun kap fè vyolans nan peyi a vin sinik e yo pa gen oken sans responsablite. Atak yo fè sou yon avyon kap vole e sou yon popilasyon san defans, montre se teworis yo ye. Bandi yo pa respekte anyen ankò, ni lavi moun, ni byen lòt moun, ni konvansyon entènasyonal ki lye peyi a ak rès mond lan. Yo benefisye gwo konplisite ak pwoteksyon nan klas politik la ak kèk sektè nan biznis, ki lye ak ekonomi kriminèl, se pou tet sa yo konpòte yo tankou mèt e senyè nan peyi a.
Li lè li tan pou moun ki aspire dirije peyi a oswa moun ki ap dirije jodi a pran responsablite politik yo, epi asire ke tout moun paye taks yo kom sa dwa epi respekte règleman yo nan konpetisyon lib sou mache ekonomik la. Li lè li tan pou yo sispann sèvi ak vyolans nan zafè politik. Yo dwe tou sispann ak pratik ki bay degoutans ki se bay timoun ak adolesan dwoge zam pou defann enterè politik oswa finansyè yo. Lè yo fè sa, y ap toufe peyi a, detwi l e alafen, yo menm tou, ansanm ak fanmi yo, yo pral viktim swisid kolektif sa a. Pèp ayisyen an sibi twòp la pèrès, dega ak pèt ke lit pou pouvwa politik ak anrichisman pèsonèl koze. Dirijan nou yo dwe konprann ke yo gen responsablite garanti sekirite, dwa fondalnatal, byennèt popilasyon an epi defann enterè ak diyite nasyon nou an. Ayiti merite yon pi bon imaj ke imaj sa ke yo kreye pou li a, yon leta sansave, yon leta vagabon. Inisyativ Sosyete Sivil la mande lidè politik yo pou yo ranfòse Lame Dayitifòs ak Polis Nasyonal la epi ba yo tout sipò ki nesesè, yon fason pou pèmèt yo retabli lòd, sekirite ak lapè sou tout teritwa nasyonal la. ISC mande tout pèp la poul pran yon konsyans kolektif nan tout nivo ak nan tout kategori sosyal, poul angajel kom sitwayen, nan lide pou bay peyi a lidè ki konpetan, epi responsab, e pou retabli nan peyi a, sekirite, enstitisyon demokratik yo ak sa konstitisyon an mande.
Moun ki siyen nòt la:
Lionel Rabel Rosny Desroches
Koodonatè Direktè Execitif