Home Uncategorized Konsèy Prezidansyèl la lanse jounen samdi 9 novanm la yon fowòm pou...

Konsèy Prezidansyèl la lanse jounen samdi 9 novanm la yon fowòm pou apiye pwosesis elektoral la

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an lanse jounen samdi 9 novanm 2024 la Fowòm pou apiye pwosesis elektoral la sou tèm : defi ak kondisyon pou reyisi pwosesis Referandòm ak Elektoral la.

Jounen echanj sa te gen pou objektif kontinye ak egzèsis pou idantifye defi elektoral yo epi pwopoze yon espas echanj sou dosye sa k ap fasilite yo jwenn solisyon ak defi sa yo.

Divès aktè te patisipe nan jounen refleksyon sa, pami yo : Manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon, Manm Gouvènman an, Sosyete Sivil la , Manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Patnè entènasyonal yo ak aktè Siyatè akò 3 avril la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here