Home Edito Edito | Bilten Kreyòl : Yon angajman pou verite ak transparans nan...

Edito | Bilten Kreyòl : Yon angajman pou verite ak transparans nan lang natif natal Ayisyen

Bilten Kreyòl (biltenkreyol.com) se yon nouvèl etap nan batay pou libète enfòmasyon nan peyi nou. Nou lanse medya sa a ak yon misyon klè: pote verite bay tout Ayisyen, nan lang natif natal nou—kreyòl la. Nou kwè ke tout moun, kit yo anndan peyi a kit yo nan dyaspora a, merite jwenn enfòmasyon klè, presi, epi aksesib sou tout sa k ap pase nan peyi a ak lòbò dlo kou lòtbò fwontyè, san baryè lang.

Nan Bilten Kreyòl, filozofi nou senp: verite, transparans, ak angajman pou bay enfòmasyon ki gen kredibilite. Nou vle ede chak Ayisyen konprann reyalite sosyo-politik ak ekonomik peyi a, san manipilasyon, san pwopagann. Pandan twò lontan, gen anpil nouvèl ki pase lwen pèp la, paske lang kreyòl la pa te toujou gen plas li nan medya nasyonal yo. Nou chwazi ranvèse pratik sa a. Nou chwazi mete pèp la nan sant enfòmasyon yo, paske nou kwè ke lang kreyòl la se pi bon zouti pou devlopman ak chanjman nan sosyete nou an.

Nou angaje nou pou bay espas pou tout vwa. Kit ou se jèn kap fè lekòl, peyizan nan zòn riral, travayè nan yon faktori, oubyen antreprenè, ou pral jwenn enfòmasyon ki konsène ou. Nou pral swiv chak sektè nan sosyete a—politik, ekonomi, kilti, edikasyon, ak plis ankò—ak objektivite e ak respè pou verite.

Bilten Kreyòl se pou tout Ayisyen. Li la pou louvri je nou sou sa k ap fèt nan sosyete a epi ba nou zouti pou reflechi, pou poze kesyon, epi pou aji. Epi, pi enpòtan, nou vle rann enfòmasyon aksesib bay moun ki pi souvan pa jwenn vwa yo nan medya tradisyonèl yo.

Ann fè Bilten Kreyòl yon espas kote tout Ayisyen santi yo tande, konprann, e enfòme. Nou kwè nan yon sosyete ki mache pi byen lè tout moun gen aksè a bon jan enfòmasyon, epi se avèk devouman sa a nou lanse Bilten Kreyòl.

Ann avanse ansanm nan limyè verite! Ann sipòte jan nou kapab Bilten Kreyòl!

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here