Si nou fè yon refleksyon tou piti sou pwoblèm nou yo, nou ka konprann yo pa toujou soti deyò, e menm lè sa, yo vin pi grav akòz aksyon nou menm ki lakay.
Ann Ayiti, sitiyasyon ekonomik, ensekirite, ak koripsyon ap detwi peyi a chak jou, epi moun ki ta dwe pwoteje li, sove li, se yo menm ki ap detwi l nan enteryè.
Rat kay se moun ki nan tèt sistèm lan ki sèvi ak pouvwa pou fè magouy, ranpli pòch yo, epi detwi fondasyon peyi a olye yo konstwi li. Yo ap plimen richès nasyonal la san konsiderasyon pou siksè kolektif. Dirijan ki ta dwe leve yon bann ak yon pakèt devlopman sosyal, ekonomik ak politik, pito yo sèvi enterè pèsonèl yo ak sa kèk ti gwoup.
Rezilta a klè: enfrastrikti nou kraze, ensekirite ap vale teren, ak yon pèp ki de jou an jou ap fè fas ak yon kriz imen nan tout nivo. Se menm jan ak pay kay la ki ap tounen pousyè, pandan moun ki te sipoze pwoteje l ap ravaje li. Rat yo, ki nan pwòp kay la, ap manje pay a.
Pwovèb kreyòl ayisyen « Rat kay k ap manje pay kay » fè n konprann se gwo zotobre nan leta, gwo chabrak nan komès ak gwo tèt nan lapolis, ki bay gang tete ki fè yo ka vin gen tout pisans sa yo.
Lè pwoblèm yo soti andedan lakay, li difisil pou ranje bagay yo. Se poutèt sa, nou bezwen konfwonte pwòp tèt nou, rekonèt verite a: se nou menm, sitwayen, otorite, ak tout lòt moun ki gen responsablite, ki dwe fè chanjman an. Nou pa ka kontinye ak fèbèz, ni tolere rat k ap ravaje peyi a. Fòk nou jwenn solisyon pou retire rat yo, fè yon netwayaj serye, epi rebati ak materyo ki solid.
Se nan men nou lavni Ayiti ye. Pa kite rat kay manje tout pay kay nou.