Home Espò Premye match, premye viktwa : Grenadye yo mete do Pòtoriko atè nan...

Premye match, premye viktwa : Grenadye yo mete do Pòtoriko atè nan Lig Nasyon Konkakaf la

Grenadye yo kòmanse Lig Nasyon Konkakaf la ak tout boulin!

Nan premye match yo nan Lig B Lig Nasyon KonkaKaf la, Ayiti te bat Pòtoriko 4-1 nan vil Mayagüez, vandredi 6 septanm 2024 la. Malgre yon premye mitan difisil kote Grenadye yo rate plizyè okazyon, se ekip Pòtoriko ki te pran avantaj a 28èm minit gras ak yon gòl Gerald Dias. Premye mitan an fini 1-0 pou Pòtoriko.

Lè dezyèm mitan an kòmanse, Ayiti rapidman pran kontwòl jwèt la. Danley Jean Jacques te egalize nan 50èm minit (1-1), epi Frantzdy Pierrot mete Ayiti devan nan 59èm minit (2-1). Don Deedson Louicius fè nòt monte a 3-1 nan 76èm minit, e Duckens Nazon bay dènye kout klòch la nan 83èm minit (4-1).

Avèk viktwa sa a, Ayiti pran tèt gwoup C a ak 3 pwen (+3), devan Sint Maarten. Kounye a, Grenadye yo ap prepare pou pwochen match yo kont Sint Maarten.

Pa bliye Ayiti rete dominan nan 7 rankont kont Pòtoriko, 7 viktwa ak 27 gòl !

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here