Home Lakilti Kèk règ pou ede w ekri kreyòl ayisyen an pi byen

Kèk règ pou ede w ekri kreyòl ayisyen an pi byen

Kèk règ pou w ekri kreyòl ayisyen an pi byen

Kreyòl ayisyen an se kreyòl ki gen plis moun ki pale l nan mond lan avèk plis pase 13 milyon lokitè. Se lang matènèl plis pase 95% Ayisyen, epi li ofisyèl nan peyi a depi 1987. Anplis de sa, anpil moun pale kreyòl ayisyen nan divès peyi tankou Etazini ak Kanada, kote li menm rive vin yon lang enpòtan.

Nan eta Nouyòk, kreyòl ayisyen klase kòm youn nan lang ki gen plis moun ki pale, dèyè anglè, espayòl, koreyen, chinwa, ris, ak italyen. Nan eta Florid, kreyòl ayisyen se twazyèm lang ki gen plis moun ki pale l, ak plis pase 300 mil moun ki itilize l, aprè anglè ak espayòl.

Malgre anpil moun pale kreyòl ayisyen an men se yon ti kantite moun ki rive metrize òtograf yo. Òtograf kreyòl ayisyen an, ki ann aplikasyon depi 1980, pran fòm li genyen jodi a gras ak Akademi Kreyòl Ayisyen ki te revize l nan lane 2017. Men kèk prensip ki ka ede w ekri kreyòl ayisyen jan l dwe ekri :

Pa gen lèt bèbè
Nan òtograf kreyòl la, tout lèt ki ekri dwe pwononse. Pa mete lèt ki pa itil lè w ap ekri.
« Samdi » pa bezwen E ant M ak D.
« Moun » pa bezwen E apre N.
Chak son gen wòl pa yo
Chak lèt reprezante yon sèl son, sa vle di chak mo ekri menm jan an, kèlkeswa kote l parèt.

AN : manman, kaban
EN : endepandan, kouzen
IN : envète, machin
ÀN : avwàn, àn
DJ : djak, bonDje
GZ : egzanp, egzajere
KS : maks, rilaks
TCH : tcheke, yatch
G : gonfle, mango
J : manje, jij
Z : djaz, zago
S : resi, klas
K : sèk, rekole
È : kè, près
Ò : zòt, lekòl
Ó : jón, lón (twal)

Akademi Kreyòl Ayisyen an poko bay yon règ ofisyèl sou itilizasyon aksan egi sou O a, men nou itilize l nan kèk ka pou prezève son O a lè l parèt devan N.

De mo pa kole
Chak mo ekri ak yon espas ki separe l ak lòt mo ki vini anvan ak apre l. Fòm kontrakte tankou pronom ak detèminan yo konsidere kòm mo endepandan, kidonk yo pa kole ak okenn lòt mo.

Mwen -> M
Ou -> W
Li -> L
Nou -> N
Yo -> Y
Pa -> P
Te -> T
Ta -> T
Ki -> K
Mwen anvi -> M anvi
Ou ale -> W ale
Fouye li -> Fouye l
Pa ap -> P ap
Li te ale -> Li t ale
Se mwen ki vin avè li -> Se mwen k vin avè l
Gen yon -> G on
Se yon -> S on
Fè yon -> F on

Nou pa sèvi ak apostwòf
Akademi Kreyòl Ayisyen an dekonseye itilize apostwòf nan ekriti kreyòl. Olye mete yon apostwòf, mete espas ant mo yo.
Nou p ap ekri « Mete’m », men pito « Mete m ».
Nou p ap ekri « M’ap », men pito « M ap ».
Nou pa mete R devan vwayèl won yo (O, Ò, ON, OU, OUN), men pito W

Lèt W ranplase lèt R devan vwayèl won yo pou klè epi respekte règ òtograf la.
Nou p ap ekri « anRo, Ròdpote, Ronn, Rouj… », men pito « anWo, Wòdpòte, Wonn, Wouj… ».

De vwayèl pa kontre
Nan kreyòl, de vwayèl pa ka kontre youn ak lòt. Lè sa rive, nou ajoute Y oswa W ant yo, selon jan mo a pwononse.
Nou p ap ekri « Leogàn », « radio », « Laskaobas », men pito « Leyogàn », « radyo », « Laskawobas ».

Lèt yo pa janm double
Nou p ap ekri « vinn », « finn », « machinn »…, men pito « vin », « fin », « machin ».

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here