Lapli dilivyen ki tonbe sou Nepal akòz sezon mouson an lakoz gwo inondasyon ak glisman tè ki fè omwen 200 moun mouri, daprè sa Ministè Enteryè peyi a anonse lendi 30 septanm 2024.
« Chif nou genyen jiskaprezan montre 200 moun mouri, 127 blese, epi 26 toujou disparèt, » daprè pòtpawòl ministè a, Rishi Ram Tiwari.
Inondasyon an afekte pati lès ak sant peyi a, espesyalman nan Katmandou, kote anpil katye ak wout kraze. Gen omwen 35 moun ki te antere vivan lè yon glisman tè kouvri twa machin sou yon wout ki toupre Katmandou.
Lame nepalè a deja sove plis pase 4000 moun, epi yo sèvi ak elikoptè ak bato pou evakyasyon yo. Pèdi wout yo fè machann legim yo ap fè fas ak mank pwovizyon, sa ki lakoz pri yo monte byen vit.
Chanjman klimatik la kontinye ogmante gravite e frekans dezas natirèl sa yo, daprè syantis yo.