Home Enfo Lokal Anbasad Amerikèn prezante 3 diplomat ki fenk vini Pòtoprens

Anbasad Amerikèn prezante 3 diplomat ki fenk vini Pòtoprens

Anbasad Etazini an nan Pòtoprens te òganize yon resepsyon dimanch 29 septanm nan Karibe Convention Center pou akeyi twa nouvo diplomat ameriken yo ki fèk afekte nan peyi a. Evènman sa, ke Doktè Joel Lorquet te anime, te reyini plizyè jounalis ak responsab medya lokal yo.

Twa diplomat yo se:

  • Christopher S. Machin: Responsab Zafè Piblik
  • Amparo Garcia: Atache Laprès
  • Elena (Beth) Creason: Atache Kiltirèl

Pandan resepsyon an, Christopher Machin te pran lapawòl pou prezante tèt li epi pataje kèk panse ak jounalis ki te prezan. Li te mete aksan sou misyon prensipal biwo zafè piblik la, ki se etabli relasyon ak koneksyon dirèk ak pèsonalite ak enstitisyon ayisyen yo. Machin te di li satisfè pou li rankontre jounalis yo e li kwè dyalòg ant anbasad la ak medya ayisyen yo gen gwo enpòtans.

Machin te pale sou plizyè inisyativ anbasad la, tankou pwogram ki konsène lasante timoun yo, amelyore sitiyasyon fanm yo, epi ede ranfòse kapasite pwofesyonèl jounalis ayisyen yo. Inisyativ sa yo montre angajman anbasad la pou soutni devlopman sosyal ak pwofesyonèl nan peyi a.

Resepsyon an te yon okazyon pou anbasad la ranfòse lyen li ak medya lokal yo, ankouraje yon pi bon kolaborasyon ak kominote jounalis nan Pòtoprens.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here