Nan kad sezon 2024-2025 Lig Nasyon Konkakaf la, ekip foutbòl nasyonal Ayiti a, Grenadye yo, kòmanse yon staj preparasyon nan Pòtoriko depi dimanch 1ye septanm.
Grenadye yo rive nan ayewopò San Juan, apre sa, yo pran bis pou Mayagüez, twazyèm pi gwo vil Pòtoriko, kote yo pral jwe kat match nan Estadio Centroamericano pou mwa septanm nan. Ekip Ayisyen an pral konplè le 3 septanm, epi y ap fè fas ak Pòtoriko vandredi 6 septanm a 8è nan aswè, epi Sint Maarten lendi 9 septanm a 5è nan aprèmidi.
Grenadye yo gen twa objektif : retounen nan Lig A, kalifye pou pwochen Gold Cup la, epi amelyore pozisyon yo nan klasman FIFA a pou eliminatwa Mondyal 2026 la.
Antrenè Sébastien Migne ap dirije ekip la ak yon lis jwè ki gen anpil talan tankou Johnny Placide, Duckens Nazon, Frantzy Pierrot, ak Fabrice Picault. Ekip la detèmine pou reyalize tout objektif sa yo pandan yo pare pou premye match kont Pòtoriko vandredi sa a.